• city in haiti after the 2021 earthquake

    Fanmi Lekὸl Piblik Broward County,

    Le 14 Out, 2021, yon tranblemantė magnitid 7.2 te frape peyi Ayiti. Jiskaprezan otorite nan peyi a ap evalye dega, anrejistre viktim ki pèdi lavi-yo ak moun ki blese. Konsėy eskolė, Broward County School Board, bὸ kote pa-li, voye kondoleyans sensė bay pėp Ayisyen epitou bay tout moun ki te afekte pa tranbleman tė a ki te koze devastasyon.

    Atravė Fondasyon, Broward Education Foundation, Distri a ap kolekte donasyon lajan pou soutni efὸ imanitė ak sekou ann Ayiti. Distri a fè konnen tout donasyon pral jwenn fon asistans ὸganizasyon byenfezans ki gen bonjan repitasyon e k’ap ede sou plas, pote sekou dirėkteman bay fanmi lokal, ke tranblemanntė a afekte. Fė yon donasyon sou sit browardedfoundation.org/haiti/

    Broward County akeyi yon kominote Ayisyen enpὸtan, dinamik epi divėsifye. Nou esprime lapenn nou ansanm avėk Ayisyen, Ayisyen Ameriken, ki se elėv, manb estaf, lidė kominote, vwazen epi zanmi nou.

    Distri nou ap travay pou satisfė bezwen endividyėl chak fanmi ak chak manb estaf nou pandanke peyi Ayiti lanse inisyativ rekonstriksyon. Nou va kontinye louvri pὸt nou pou akeyi vwazen mondyal nou ki soti nan peyi Ayiti epi ki bezwen pouswiv edikasyon yo epitou jwenn yon anviwonnman estab diran tan difisil sa. Fanmi ki fėk sot viv yon evėnman twomatizan ka rankontre nan Distri a, konseye (counselors) Distri a, terapis, travayė sosyal, pwofesė, administratė ak estaf Distri a ki va disponib pou gide fanmi ki fè pati lekὸl nou-yo resevwa resous an sante mantal ak sėvis.

    Nou ankouraje tout kominote a nèt ede viktim tranblemanntė sa nan efò yap fè pou retabli epi rekonstwi.

     

    Sensėman,


    Dr. Vickie L. Cartwright
    Interim Superintendent